YON EKIP SOLID POU DEVELOPMAN ANDOJÈN AYITI

Nevyèm Kòmandman Manifesto Dezyèm lan tabli aklè kou dlo kòk prensip Lidèhip Kolektif la: Tèt ansanm se sous fòs la. DEZYEM ENDEPANDANS SON KOLABORASYON ANT AYISYEN AN AYITI AK AYISYEN LÒTBÒDLO. POU DEVELOPMAN PÈSPEKTIV TOU NÈF. POU REJUVENASYON KLAS POLITIK AYISYEN AN. POU DEVELOPAN DIRAB AK ANDOJÈN PEYI A.

NOU SE DEZYEM ENDEPANDANS

Jozèf Fèdinan

Kòdonatè Jeneral

Direktè Ferdinand se nèg Kafou, yon Ayisyen natif natal. Li te kòmanse etid inivèsitè li nan domèn sikoloji nan Fakilte Syans Moun nan inivèsite Leta a. Aprè li t ap kontinye etid li nan de inivèsite Heildeberg an Almay. Depi 2018, li ap travay kom chèchè nan yon inivèsite an Almay nan domèn sikoloji de ledikasyon nan kad yon doktora! Direktè Ferdinand renmen danse Rara. Manje prefere l se Diri Lalo ak pwason boukanen.


Daphline Belleus 

Sekretè Egzekitif

Daphline BELLÉUS fèt nan Pòtoprens, men orijin mw se nan Ganthier. Mw gen yon diplòm nan ekonomi, mwen ap travay nan ISOC. Mwen gen konpetans nan gouvènans entènèt ak rezo kominotè, evènman espòtif - lidèchip - antreprenarya - maketing dijital - devlopman biznis. Antreprenarya - Maketing dijital - Jounalis ak Coaching. Mwen se manm chapit ayisyen Sosyete Entènèt la ak ICANN. Mwen se yon animatè radyo tou. E mwen travay trè byen an ekip. Mwen renmen atizana, espò, mizik ak sinema.


Jonathan Perceval

Direktè Operasyon

Direktè Perceval se nèg Delmas, yon alum Univèsite Quisqueya, epi yon Alum òganizasyon ICANN  nan zafè politik entènèt. Li son aktivis sou entènèt nan kesyon Dwa Moun ak Gouvènans Entènèt latravè ISOC Haiti Chapter. Jonthan tou se yon Atis ki konpoze mizik ak ekri tèks pwezi. 


Naika Chevalier

Direktriz Biwo Kòb ak Finans

Madanm Chevalier se yon Kontab Piblik Agreye nan Leta Massachusetts ak Gorgia. Li etidye Finans nan Invès Boston Ozetazini. Madanm Chevalier se yon Chantè Evanjelik. Madanm Chevalier se yon Business woman. Li se Aktiv Kominotè nan Massachusetts. Li remen ale legliz chak semèn. Rèv li se pou Ayiti yon jou ta chanje.


Clovens Rateau

Biwo Teknoloji Enfòmasyon

Direktè Ratau se Nèg Baladè, Plato Santral. Li se yon Businessman, yon injenyè rezo infòmatik. L ap travay nan domèn teknoloji Enfòmasyon depi 2008. Li etidye Teknoloji Enfomasyon  nan inivèsite Western Governors University nan Salt Lake City, Utah.
Direktè Ratau renmen al nan plaj, pase ti tan li ak fanmi l. Li renmen jwe Football, tande mizik konpa dirèk. 


Headly Noel

Direktè Biwo Politik

HEADLY NOEL, a.k.a Papouch, se nèg Tigwav. Li fini lekòl segondè li nan Kolej Segondè de Kafou. Li se yon politològ ki fòme Ozetazini ak an Almay. Li gen yon Lisans an Syans Po ak Syans Ekonomik (UMass) ak yon Metriz an Ekonomi Aplike (Universität Humboldt zu Berlin). Direktè Noel renmen danse Rara ak Salsa, manje mayi ak zaboka.


Luder Providance

Kominikasyon Politik

Konseye Luder Providance se manm Direktwa Biwo Politik Dezyem Endepandans lan. Li se yon militan pwogresis inivèsitè, yon Sosyolojis ki fòme nan Inivsite Leta dAyiti.  Konseye Providance se yon chèchè an Ekonomi-Politik nan Invèsite Karakas, nan peyi Venezuela. Konseye Providance renmen danse Petro, manje fritay ak mazonbèl.


Vica Rimpel

Diretris Zafè Sante ak Medsin Tradisyonèl

Madam Rimpel fèt Kafou. Li nan 4yèm ane Medsin nan Inivèsite Arizona. Li gon diplom an Bioloji  (Atlantic Union College). Li gon metriz nan Laboratwa Klinik (Invèsite Massachusetts Lowell). Madam Rimpel se yon modis. yon aktivis pou dwa moun ak pou dwa zannimo yo. Li renmen manje mayi moulen ak Zaboka.


Eunide Delima

Marketing & Design

Direktris Delima se moun Delat, sou Komin Tigwav. Li son spesyalist nan kominikasyon ak lenguyistik. Li pale Kreyòl, Angle, Franse ak Panyòl. Direktris Delima ap viv New York. Rèv li se retounen viv Ayiti. Direktris Delima se on modis, yon edikatris. Li renmen manje   


Antony Fortunat

Edikasyon Sivik ak Devlopman Mantal

Prof Fortunat se yon edikatè distenge ki gen yon karyè ki dedye tout lavi li pou avanse edikasyon sivik atravè yon konbinezon inik nan espò, boza, ak syans limanite. Pandan tout bèl karyè li, li te demontre yon angajman enkondisyonèl pou nouri lespri ak kè anpil etidyan.


Gras ak teknoloji entènèt yo, Komite Santral Dezyem lan etabli yon biwokrasi modèn, vityèl, pou manjaman efektif mouvaman Dezyem Endepandans lan globalman selon prensip INITE PATRIYOTIK DESALINYEN: 

Yon s
èl Kongrè. Yon sèl objektif. Yon sèl ajanda: DEZYEM ENDEPANDANS

Byenvini Kay Dezyem nan!